PARADI INABÒDAD
Avaris enkontwolab antrepriz, anbisyon politik, ak kriz lojman abòdab nan Florid
Kiyès kap Kontwolé Fil yo?
Kòporasyon visye yo, envestisè mondyal yo, ak iltra-rich yo ap fè pwofi rekò pandan floridyen yo blije kite eta a akoz pri imobilye. Gouvènè Ron DeSantis ak Dirijan Repibliken yo te resevwa plis pase $90 milyon dola nan kontribisyon kanpay nan men pwomotè, konpayi asirans pwopriyete ak gwo enterè byen imobilye. Men yon rezime kèk nan donatè sa yo.
PWOMOTÈ AK BYEN IMOBILYE YO - $28.1 milyon
Pwomotè ansanm ak endistri byen imobilye yo desantralize ak difize; plen milyadè kap fè pwofi rekò a travè konfyolo yap fè nan mache lojman an pou pwòp benefis yo epi pou yo ka fè moun peye pwi eksplwatatif. Non sèlman dirijan eta yo pa pran responsablite yo ak de men, men yo souvan pase lwa nan eta a kap kreye plis pwofi pou jwè sa yo.

Florida Realtors
$3.1 Milyon

Florida Home Builders Association
$729,000

Hutson Companies
$705,000
Se yon fanmi Senatè Eta Repibliken ki mèt li

Mori Hosseini/ICI Homes
$649,000
Gouvènè DeSantis nomine Hosseini nan Konsèy Administrasyon UF la

Thomas Peterffy
$570,000
Pi gran pwopriyetè tè prive nan Florid la

Vestcor
$547,000
Pwomotè lojman ak apatman abòdab pou pwofi

Jay Odom
$450,000
Yon pwomotè prensipal nan zòn Panhandle lan

Edward DeBartolo
$497,000
Pwomotè apatman ak sant komèsyal

Stephen Ross
$405,000
Pwomotè kondominyòm nan Miami

Homes By West Bay
$400,000
Konpayi kap konstwi kay nan zòn Tampa

Lennar
$375,000
Youn nan pi gwo bòs kap konstwi nan nasyon an

The St. Joe Company
$245,000
Konpayi kap pwomote ak konstwi kay nan zòn Panhandle lan
SÈVIS PIBLIK YO - $10.4 milyon
Kriz lojman abòdab la dirèkteman lye tou ak apwobasyon eta a pou ogmantasyon to konpayi elektrik yo mande yo. Ane pase, Komisyon Sèvis Piblik Gouvènè Ron DeSantis la te apwouve yon ogmantasyon to rekò pou Florida Power & Light (FPL) ki pral ogmante pri elektrisite plis pase $5 milya pandan kat pwochen ane yo. Florida Power & Light, Duke Energy Florida ansanm ak TECO te depoze yon rekèt bay menm konsèy la ki endike yon bòdwo mansyèl kap menm pi wo an 2023.

Duke Energy
$4.9 Milyon

Florida Power And Light
$2.8 Milyon

TECO
$2.6 Milyon
ASIRANS IMOBILYE - $4.8 milyon
Menm jan ak lwaye apatman ansanm ak pri kay, prim asirans pwopriyete yo ap grenpe. Depi 2019, lè Ron DeSantis te rantre nan biwo, prim asirans pwopriyete yo plis pase double soti nan $1,988 pou rive $4,231 nan yon ane, sa se plis pase twa fwa to mwayèn nasyonal la. Gouvènè DeSantis ak dirijan lejislatif yo pa reyalize yon sèl bagay pou diminye depans asirans pou floridyen yo. An reyalite, pandan sesyon espesyal asirans pwopriyete nan mwa me sa a, Chanm ak Sena Florid te rejte amannman Demokratik pou redwi to yo, epi finalman yo te adopte yon pwojè lwa ke gwoup asirans lan sipòte ki pa bay okenn garanti sourediksyon pri pou konsomatè yo.

Heritage
$1.9 Milyon

FCCI
$680,000

American Integrity
$330,000

Property Casualty Insurers Association
$315,000

State Farm
$190,000

Geico
$85,000
KAPITAL PRIVE AK FINANS - $44 milyon
Konpayi kapital prive global yo vin tounen gwo pwopriyetè nan kominote ibèn ak riral yo nan Etazini, yo achte konplèks apatman, kay inifamilyal ansanm ak kominote kay prefabrike yo epi yo manipile mache a pou avantaj yo.
Tradisyonèlman,yo te rekonèt lojman tankou yon envestisman alontèm epi yo te rekonèt li tou tankou yon kle pou richès jenerasyonèl pou moun òdinè yo. Men, jan ProPublica rapòte, achtè sa yo, ki enkli kèk nan pi gwo konpayi kapital prive, konpayi envestisman byen imobilye ansanm ak envestisè enstitisyonèl nan mond lan, chèche dil sou imèb apatman ak kominote kay manifaktire; yo diminye depans yo, oswa ogmante pri lwaye yo pou ogmante revni, answit, yo dechaje bilding yo nan yon pri ki pi wo.
Tay konpayi yo pèmèt yo enfliyanse to mache yo epi fè presyon kont refòm ki ta ka dilye pouvwa yo. Lokatè, pwopriyetè kay manifaktire, ak pwopriyetè kay potansyèl yo ap soufri alawonnbadè. Lojman ki disponib ap diminye, alòske lokatè yo ak pwopriyetè kay prefabrike yo ap fè fas ak pi gwo pri, kalite swen ki pi mal, ak mwens responsablite pou konpayi kapital prive mondyal anonim yo.

Ken Griffin
$16.8 Milyon
Li envesti plis pase $1 milya nan byen imobilye nan Florid

Spring Bay Capital (Frederick Sontag)
$875,000
Spring Bay Capital fè envestisman nan byen imobilye

Fidelity National
$737,000
Fidelity se pi gwo konpayi asirans pou tit nan peyi a

Florida Banker’s Association
$475,000

Third Lake Capital
$300,000
Envestisman nan byen imobilye

Jeff Vinik, American Investment Holdings
$200,000
Se youn nan pi gwo pwomotè nan anba lavil Tampa
SOSYETE PWOPRIYETÈ YO + KAY PREFABRIKE YO - $2.5 milyon
Sosyete Pwopriyetè yo: Depi Gouvènè Ron DeSantis rantre nan biwo an 2019, pri lwaye atravè eta Florid la te ogmante 40% konpare ak 25% nasyonalman. Gwoup prensipal kap mete presyon pou Sosyete pwopriyetè yo, se Florida Apartment Association (Asosyasyon Apatman Florid) ki toujou opoze ak anpeche pasaj kèk nan pwopozisyon sou pwoteksyon lokatè ki pi fondamantal yo nan Kapitòl Eta a.
Kay Manifaktire: Nan dènye ane sa yo, kèk nan pi gwo konpayi kapital prive, konpayi envestisman byen imobilye, ak envestisè enstitisyonèl nan mond lan te vin fè envestisman nan kominote kay manifaktire nan peyi Etazini, yon endistri ki trè fragmente men ki te rete youn nan dènye sektè lojman abòdab pou rezidan nan peyi. Manufactured Housing Association (Asosyasyon Lojman Manifaktire) reprezante pwopriyetè pak kay prefabrike yo. Sosyete kapital prive ak sosyete pwopriyetè yo ap achte plis ak plis pak kay prefabrike. Yap monte pri lwaye pou fanmi ki pa gen anpil richès ak moun Florid kap viv sou yon revni fiks.

Mid-America
$50,000

Billionaire Richard Kurtz
$50,000

Cerberus Capital Management
$25,000

Billionaire Landlord Geoff Palmer
$25,000

Jorge Lopez, Cornerstone
$250,000

WRH Realty
$228,000

Arbor Properties
$120,000

Manufactured Housing Association
$785,000
Sam Zell, Equity: $100,000

The Florida Apartment Association
$235,000
Greystar; Atrepriz Kapital Prive
Westover; Sosyete Pwopriyetè
Dominium; Sosyete Pwopriyetè
Camden Apartment; Sosyete Pwopriyetè
Royal American; Sosyete Pwopriyetè
ENDISTRI ASOSYE NAN FLORID CHANM KOMÈS FLORID - $17.8 milyon
Associated Industries of Florida (AIF) se yon gwoup kap mete presyon pou gwo biznis yo epi li se youn nan pi gwo donatè lidè Repibliken yo nan Tallahassee. Se sis nan pi gwo konpayi Florid yo ki prensipalman finanse AIF, pi fò nan yo fè pati nan konglomera milti-etatik yo oswa konglomera miltinasyonal jeyan yo: Pwodiktè sik Florida Crystals ak U.S. Sugar; sèvis piblik elektrik Florida Power & Light (FPL); chèn lopital pou pwofi HCA Healthcare; pwopriyetè pak atraksyon Walt Disney World; ak konpayi asirans sante Florida Blue. Menm jan an tou, Chanm Komès Florid la reprezante pi gwo enterè antrepriz nan Florid, ki gen ladann konpayi ki monopolize sèvis piblik yo, epi li fè don bay plizyè milyon dola nan kanpay Repibliken yo – ak pi fò nan lajan li yo soti nan gwo antrepriz tankou FPL, U.S. Sugar ak Publix Super Markets.

Associated Industries Of Florida
$12.9 Milyon

Florida Chamber Of Commerce
$4.9 Milyon
Yon remak sou total finansman kanpay yo itilize nan rapò sa a:
Pou detèmine konbyen kòb kòporasyon ak moun ki iltra-rich kap fè pwofi rekò nan kriz lojman Florid la te kontribye bay Dirijan Repibliken yo, nou konpile tout kontribisyon kanpay $5,000 oswa plis ki sòti nan komite politik yo ki kontwole pa Gouvènè Ron DeSantis (Friends of Ron DeSantis), Republican Party of Florida (Pati Repibliken Florid), Florida Republican Senatorial Campaign Committee (Komite Kanpay Senatoryal Repibliken Florid) ak Florida House Republican Campaign Committee (Komite Kanpay Repibliken Chanm Florid), depi 1ye janvye 2019 pou rive 31 jiyè 2022. Tout chif yo site nan rapò sa a soti nan seri done sa a.